Ki sèvis nou ofri

Dekouvri sèvis SEK-MEDIA yo, ki fèt pou enfòme, edike, ak amize odyans Kreyòl la. Nou pote verite, kilti, ak devlopman ekonomik Ayiti nan premye plan. Ann eksplore ansanm!

Remèd pou nanm

Fasilite koneksyon espirityèl pou Ayisyen ak tout moun ki pale Kreyòl. Konprann enpòtans sa ki pa materyèl nan egzistans nou. Emisyon maten sou Krisyanism, emisyon aswè sou Vodou ak lòt pratik espirityèl ki evolye lakay nou.

Kaka-chat-enfo 

Atravè Kaka-chat-enfo SEK ap pemet ou dekouvri yon paket sijè ki kache e ki merite trete nan sosyete a. Se souvan sa yon paket moun ap di touba aloske yo ta dwe trete nan tout nivo pou yo pa vin tounen apse pou sosyete a. Nap denonse, analize e pwopoze an Kreyol pou tout moun konnen e konprann.

Jounal-dènye-son-klòch

Raple tout sa ki te fèt ak sa ki te di, sitou sa ki ap klewonnen sou rezo yo. Dekotike verite a nan tout sa yo di. Yon tribinal kote manti ap konfwonte verite.

Sak-ap-kwit sak ap bouyi

dekotike tout sak gen rapoò ak ekonomie e devlopman an ayiti kou lotbò dlo ki sitou ka gen enpak sou ayiti ak ayisyen. Li touche ekonomie, jeoekonomi, e jeopolitik.

Kilti + Espò= Kèkontan+disiplin=SANTE

se ekwasyon pa nou, nou ankouraje e pwomote tout sa ki bon e ki merite koutmen pou antre lajan e pemet moun rete an sante. Kilti, espò ak la sante chita menm kote nap cheche, dekotike e pwopoze.

"SEK-MEDIA se yon limyè nan fènwa enfòmasyon. Yo ede m' konprann peyi m' pi byen."

Yon telespektatè fidèl